+(509) 4786 3169

+(509) 4786 3746

Ki tanperaman ou genyen?

Petèt ou fache pou dan griyen? Oubyen moun toujou ap diw gen move jan, timid oswa ou pale twòp? Atitid sa yo ak lòt anko souvan gen rapò ak tanperaman-w. Genyen kat kalite tanperaman. Chak nan yo gen fòs ak feblès yo. Okenn moun pa gen tout karakteristik yon tanperaman pou kont li. Ou pral remake ou gen timoso nan chak. Men ap toujou gen youn ki pi devlope pase lòt yo, e se li ki tanperaman dominan. Avan menm m bay nou yon lide nan kesyon tanperaman map raple nou lè yon moun konnen tanperaman l sa bay 2 avantaj.

1- Idantifye kalite ou yo, mete aksan sou sa ki pozitif yo, pandan wap amelyore oubyen elimine negatif yo.
2- Konprann lòt moun epi aprann konnen se pa paske yon moun diferan de ou ki fè li yon move plan moun otomatikman.

Me kat tanperaman yo:
Tanperaman Sangen: Moun ki konsa yo emosyonel anpil. Yo kwè nan fè moun wè, nan ouvri zèl yo, pafwa menm djòle yo bay. Pi souvan se moun ki konn pale epi yo renmen fè jès ak men yo lè yap pale nan piblik. Se moun ki kwè e jere aparans yo ak sante yo epi yo rive jwenn plezi nan preske tout travay yap fè, yo fidèl nan travay yo. Yo renmen zanmi sitou moun ki pa gen menm seks ak yo, yo preske toujou ak moun e chak eksperyans nouvo yo fè pote fri pou yo. Moun ki gen tanperaman sa fè zanmi ak moun fasil. Yo renmen ri epi yo toujou ap fè moun ri, yo sansyèl, chaman, epi optimis nan lavi.
Tanperaman Melankolik : Moun sa yo toujou ap reflechi. Ke-l se yon gason osinon yon fanm, li pran tout bagay oserye epi toujou ap panse a lavi-l. Tout sa lap fè li sousye-l pou-l fè yo ak metòd, lòd ak entèlijans pou yo soti byen bèl. Moun sa yo gen anpil anbisyon pou yo rive wo, souvan yo rive nan somè a. Yo pa prese nan chèche plezi, men yo la ap analize ki jan yo ka òganize lavi yo pi byen. Yo toujou ap enkyete de sak ka rive yo oubyen lòt moun. Tout bagay toujou gen danje pou moun sa yo. E nenpòt ti bagay ou di sou moun sa ki gen tanperaman sa ka ba li gro pwoblèm. Se moun ki pran swen kò yo anpil, ki konn abiye, ki pap pale fasil, toujou kalm epi yo gen konpasyon pou moun tou.
Sangen ak melankolik yo sanble nan sans toude emosyonèl men yon fason diferan: sangen an lè li fache oubyen kontan sa ka dire yon titan kek minit, pandan setan melankolik la yon bagay ka rete ap ravajel li dire nenpòt yon mwa!

Tanperaman kolerik: Moun sa-a anbisye anpil pou-l reyalize objektif li. Pandan ke moun ki sangen an pase tan-l nan rakonte istwa ak zanmi e melankolik la menm pase tan ap panse, kolerik la ap okipe-l de sa li gen pou-l fè. Yon moun kapab fasil konprann jan pou-l viv ak moun ki gen tanperaman sa si li obsève règ sa « Fè sam vle-a, jan m vlel la epi fè sa rapid ». Kolerik la fache fasil, nenpòt bagay ka fè-l pèdi kontròl, kriye, joure li ka menm rive goumen. Kolerik la toujou vle pou tout bagay fèt byen klè epi ak presizyon. Men tou se yon moun ki toujou pre pou-l ede moun ki nan sitiyasyon. Anpil fwa se moun ki gen anpil kapasite entelektyèl ki travay vit epi byen.
Kolerik yo sanble ak sangen yo paske yo toude gen pèsonalite ki ouvè epi yo optimis.
Sepandan, lanbisyon nan kolerik lan bay li lidèchip ak pi gran pwodiktivite. Li pa renmen pale sof lè li gen tout rezon-l nan menl. Li renmen fè fas ak obstak yo, epi toujou pre pou leve kanpe, li pa bay zanmi fè anyen pou li. Se nan sitiyasyon ijans lap pote yon moun sekou.

Tanperaman flègmatik la: adapte li a tout sitiyasyon. Sa a se tanperaman ki pi fasil la se pa moun ki pral gen kont ak moun. Li trouvel nan mitan 3 lòt tanperaman yo.
 Tanperaman flègmatik lan mache tou dousman, li evite konfli ak pran gwo desizyon. Pandan ke kolerik la vle kontwole tout bagay, flègmatik la li menm ap rete tann yo mande-l aji epi li pap eseye diskite anyen. Li gen anpil zanmi paske kalite li mennen-l nan kenbe relasyon pozitif. Li konnen ki jan pou-l koute moun kap pale, trè kalm, epi li jere emosyon-l. Se yon moun ki toujou nan randevou li nan lè, ti kòl tou dousman lap obsève, se pa moun ki trò renmen zanmi paske li sanse sifi pou tèt li.
Chak tanperaman gen kalite nan yo. Men, lè yo pouse twò lwen, yo ka vinn tounen defo!
Si tanperaman sangen an kwè nan angaje konvèsasyon anime nan nenpòt sikonstans. Sa pou li se yon tandans natirèl. Men, si depi li komase pale li pap pe li pral tounen yon radotè, kap pale koze san sans.
Bonjan kalite natirèl nan tanperaman melankolik la se lide analiz li yo. Sa-a konstitye yon avantaj klè. Men, lè lide nan analiz yo ensiste, li lakòz gwo enkyetid epi yo ka mennen nan depresyon.
Lidèchip se yon bonjan kalite nan tanperaman kolerik la. Li ka yon avantaj konsa tou li ka fè moun lan sanble yon bouro, kap manipile ak maltrete moun.
Tandans konprann moun nan tanpraman flègmatik la fè li gen respè pou tout moun, men si li vin twòp, lòt moun ap deside pou li nan pwòp lavi pa-l!
Ou menm kounyea eseye konprann tèt ou epi kontinye ak kalite ou wè ou genyen yo ki bay reyaksyon pozitif. Sa ap fèw gen plis chans amelyore imaj pèsonèl ou. Sepandan, ou dwe analize karakteristik sitou ki lakòz konpòtman ou genyen ki depase e ki ofanse lòt moun, aprann konnen fòs ou yo, sèvi ak yo ak anpil sajès, epi amelyore sa ou genyen tou kòm feblès.

-----
Se C.A.P. (Centre d'Assistance Psychologique) ki òte atik sa. Vizite yo sou facebook pou plis enfòmasyon.

Aucun commentaire:
Write comments

REJOIGNEZ NOTRE NEWSLETTER